Astwonomi a se yon syans ki etidye pozisyon, mouvman, estrikti ak evolisyon kò selès yo, ansanm ak pwopriyete fizik ak chimik yo. Branch astwonomi fondamantal ki etidye pozisyon relatif kò selès oswa sa yo rele astwometri, oswa astwonomi pozisyon. Lòt branch ki etidye mouvman kò selès sa yo fè pati mekanik selès.

nebilèz krab.
Nebilèz M17 : fotografye prise pa teleskop Hubble.

Souvan, yo konsidere astwonomi kòm syans ki pi ansyen ki egziste sou tè a. Manm nan domèn akeyoloji, yo jwenn gen yon seri sivilizasyon ki te egziste nan epòk laj bwonz yo - e manm pandan peryòd laj neolitik yo - ki te gen tan gen yon seri konesans nan astwonomi yo t ap aplike. Sivilizasyon sa yo te gen tan konprann rapò ki egziste ant fenomèn peryodik ekinòks yo ak sik chanjman sezon yo. Yo te gen tan manm kab idantifye yon seri konstelasyon nan lespas. Syans astwonomi modèn nou konnen jounen jodi a devlope gras ak devlopman konesans matematik ki fèt depi lantikite nan sivilizasyon grèk ak gras ak envansyon yon seri enstriman obsèvasyon ki te rive fèt nan finisman epòk Mwayennaj yo. Depi lontan, moun toujou konn ap konfonn astwonomi ak astwoloji, paske de domèn syantifik sa yo toujou ap devlope an paralèl. Men, gras ak pwogrè lakonesans ki fè nan epòk disetyèm syèk yo pou te pèmèt lemonn redekouvri fondman panse ki te anvòg nan sivilizasyon peyi Grès la, lemonn vini kapab fè distenksyon ant larezon ak lafwa. Konsa, moun vini rekonèt pa gen okenn obligasyon pou mele astwonomi ak astwoloji.

Jounen jodi a, astwonomi pa rete sèlman yon syans; li vini tounen yon aktivite popilè kote gen anpil amatè ki pratike li kòm yon lwazi. Astwonòm amatè eksperimante ki pi pasyone yo jwe yon wòl nan domèn nan tou, paske yo kontribye nan dekouvèt yon seri astewoyid ak komèt nan lespas la. Astwonomi, jounen jodi a, se youn nan ra syans kote manm moun ki amatè yo kapab jwe yon wòl aktif.

Referans

modifye

Lyen deyò

modifye